Thursday, April 4, 2013

Zoranje

Pye atè m'ap mache nan Zoranje
Li fè katrè di swa
Van tap sifle on ti chante ki dou
Branch bwa ap k-danse
zwazo tout koulè ap fredonen
Lè sa peyizann ap sot nan mache
Ti moun ap benyen nan larivyè
Voye dlo youn sou lot
Ansyen gran nèg ap fè la pwomenad
Sou chwal yo
Kay Janira, pate kode finn kwit
Kay Ton Fortune, sant bouyon tèt kabrit
Pran lari pou li
Tankou se on bann rara
M'ap kontanple tout sa
Mwen pa mande anyen anko
Sinon pou'm gaga anba on ti pye zoranj
                                                  Ladymyou

No comments:

Post a Comment